Yon Ayisyèn, Iliana Joseph, eli vis prezidan yon minisipalite an Itali; Se yon eleksyon istorik
Yon migran fanm, nwa epi ayisyen, rive nan yon pòs elektif nan peyi Itali. Se bagay ki te ka pi difisil pou yon moun imajine. Tèlman peyi sa pa danse kole ak migran. Nan yon entèvyou li bay jounal Ayibopost, Iliana Joseph rekonèt peyi a pa bay ouvèti sa pou etranje. Epi, chef gouvènman Itali a, Giorgia Meloni, te kanpe sou plas piblik pou l di peyi l pa gen plas pou migran. Se jis nan komansman mwa janvye 2026 la, gouvenman ekstrèm-dwat la resi dakò louvri pòt pou resevwa 500 mil migran ki pa ewopeyen nan ane ki ap vini yo. Rezon an se pou fasilite l relanse ekonomi peyi li an. Se tout sa yo ki fè eleksyon madan Joseph la se yon gwo avanse nan listwa peyi sa.









