TPS Ayisyen yo pral pwolonje pou 3 zan ankò.

A family receiving Temporary Protected Status assistance at a help desk

Chanm reprezantan ameriken an vote yon pwojè lwa pou pwolonje TPS Ayisyen yo. Aksyon sa a reprezante yon antant istorik ant demokrat yo ak yon gwoup repibliken yo. Gwoup palmantè sa yo vote  pwojè lwa a jedi 16 avril 2026 la. Ladan l yo mande administrasyon Trump lan pou pwolonje TPS Ayisyen yo pou 3 zan ankò.

Mezi sa pèmèt ak 350 000 Ayisyen gen dwa pou sikile libelibè nan peyi Etazini san kè yo pa bezwen sote pou tout evantyèl depòtasyon. Se depite demokrat Nouyòk la, Laura Guillen, ki te soumèt pwojè lwa sa a nan lachanm lan pandan l t ap antre an fonksyon ane pase.

Distri reprezantant lan ki konpoze ak kominote Ayisyen an nan Long Island, li te pwomèt elektè l yo, li pral batay pou defann Estati pwoteksyon tanporè yo a(TPS).

Se deja yon premye manch ki genyen nan demach sila ki ale anfavè Ayisyen yo. Rete pou pwojè lwa a ale nan sena pou yon vòt parèy menmsi n konnen repibliken yo majoritè nan sena a.

Si toutfwa li ta vote nan menm tèm lan nan sena meriken an. Ayisyen nan peyi TONTON SAM mèt fè onondipè paske sa ap pèmèt yo rale yon souf e viv san kè sote nan peyi moun yo pandan tan sa.

Montima Murat

Laisser un commentaire