
Lwa C-12: Nouvo règ azil ki ka chanje sò Ayisyen yo!
Nan dènye ane yo, Kanada ap pase men nan politik migrasyon li yo pou reponn ak ogmantasyon moun k ap chèche pwoteksyon. Nan kontèks sa a, Lwa C-12 vin parèt kòm yon nouvo kad legal ki gen pou objektif rann pwosesis azil la pi rapid, men tou mete plis estrikti nan pwosesis la. Pou anpil resòtisan ayisyen k ap chape anba ensekirite ak kriz politik nan peyi yo, kestyon an rete: ki enpak lwa sa a genyen sou dosye yo?
Yon lwa pou akselere pwosesis la
Lwa C-12 la antre nan yon lojik refòm sistèm azil Kanadyen an. Li vize sitou diminye reta nan tretman dosye yo, pandan li bay otorite imigrasyon yo plis pouvwa pou pran desizyon pi vit. Nan pratik, sa vle di delè pou depoze prèv, pase entèvyou, ak prezante dosye devan komisyon an vin pi kout.Pou demandè azil yo, sa mande plis preparasyon depi nan kòmansman pwosesis la. Nenpòt erè oswa mank dokiman ka gen konsekans dirèk sou rezilta dosye a.
Yon sistèm ki vin pi sevè
An menm tan, lwa a ranfòse mezi kont fwod oswa itilizasyon abizif sistèm nan. Otorite yo gen plis pouvwa pou verifye enfòmasyon, epi refize dosye yo pi rapidman si yo konsidere li pa solid oswa pa kredib. Sa ka reprezante yon defi pou anpil Ayisyen ki souvan rive Kanada nan sitiyasyon ijans, san tout dokiman ki nesesè pou pwouve ka yo. Nan anpil ka, temwayaj pèsonèl vin esansyèl, men li dwe byen prepare epi byen estriktire.
Ayisyen yo nan mitan kriz ak espwa
Depi plizyè ane, Ayiti ap fè fas ak yon kriz sekirite grav, ak vyolans gang, enstabilite politik, ak difikilte ekonomik. Sitiyasyon sa a pouse anpil sitwayen pran wout egzil pou chèche pwoteksyon entènasyonal.Nan kad lwa C-12 la, dosye Ayisyen yo dwe montre klèman risk pèsekisyon, menas sou lavi, oswa enkapasite Leta ayisyen pou pwoteje yo. Malgre Kanada rekonèt gravite kriz la, chak ka toujou analize endividyèlman.
Yon lòt pwen enpòtan nan lwa sa a, se kesyon delè pou fè demann azil la. Si yon moun antre Kanada epi li pase plis pase yon (1) lane san li pa fè demann azil, otorite imigrasyon yo ka itilize sa kont li.Nan kèk ka, yo ka deklare ke demand lan pa resevab oswa mete an dout kredibilite moun nan, paske yo ka konsidere li pa t vrèman nan ijans oswa nan danje imedya. Sa vle di, reta nan depoze dosye a ka vin febli agiman ou devan otorite yo.
Ant rapidite ak jistis
Youn nan gwo kesyon ki leve ak lwa sa a se balans ant vitès ak jistis. Pandan gouvènman an ap chèche diminye reta yo, òganizasyon defans dwa moun avèti sou risk pou desizyon yo pran twò prese, san yo pa byen evalye tout detay yo.Pou kominote ayisyèn nan, sa vle di nesesite pou jwenn bon akonpayman legal, prepare dosye solid, epi konprann byen etap pwosesis la.
Lwa C-12 pa fèmen pòt azil la, men li chanje fason moun dwe antre ladan li. Pou Ayisyen k ap chèche pwoteksyon nan Kanada, li enpòtan plis pase janm pou yo byen enfòme, byen prepare, epi chèche sipò pwofesyonèl lè sa nesesè.
Nan yon moman kote Ayiti ap travèse youn nan pi gwo kriz li yo, kesyon azil la rete pa sèlman yon kesyon legal, men yon kesyon lavi ak diyite.
Peterson CHERY
