Migration

migration, haïtienne
Diaspora, Migration

Yon Ayisyèn, Iliana Joseph, eli vis prezidan yon minisipalite an Itali; Se yon eleksyon istorik

Yon migran fanm, nwa epi ayisyen, rive nan yon pòs elektif nan peyi Itali. Se bagay ki te ka pi difisil pou yon moun imajine. Tèlman peyi sa pa danse kole ak migran. Nan yon entèvyou li bay jounal Ayibopost, Iliana Joseph rekonèt peyi a pa bay ouvèti sa pou etranje. Epi, chef gouvènman Itali a, Giorgia Meloni, te kanpe sou plas piblik pou l di peyi l pa gen plas pou migran. Se jis nan komansman mwa janvye 2026 la, gouvenman ekstrèm-dwat la resi dakò louvri pòt pou resevwa 500 mil migran ki pa ewopeyen nan ane ki ap vini yo. Rezon an se pou fasilite l relanse ekonomi peyi li an. Se tout sa yo ki fè eleksyon madan Joseph la se yon gwo avanse nan listwa peyi sa.

Yon Ayisyèn, Iliana Joseph, eli vis prezidan yon minisipalite an Itali; Se yon eleksyon istorik Lire l’article »

Credit image: oim.int migration, haïtienne
Migration, Témoignages

Depi 2012 y ap denonse magouy ant OIM ak anbasad Brezil an Ayiti a sou kesyon viza imanitè

Ane apre ane, OIM toujou ap jere viza imanitè pou Brezil, magouy kontinye ap fèt, pi gwo mache ap louvri pou kontrebann epi anyen potko ka di definitivman. Pandan tan sa, te konn toujou gen anpil repwòch bò kote ayisyen sou rezo sosyal yo. Men tou, konn gen kèk òganizasyon sosyete sivil tou ki abitye adrese pwoblèm lajan anba anba nan rakèt sa.

Depi 2012 y ap denonse magouy ant OIM ak anbasad Brezil an Ayiti a sou kesyon viza imanitè Lire l’article »

migration, haïtienne : Etazini: Depite Berny Jacques, ki gen orijin ayisyen, pwopoze yon teks lwa piman bouk kont migran yo
Migration

‘’Fanmi m te rantre Etazini legal. Migran ilegal yo lage pye nou”, yon deklarasyon chok de Berny Jacques, yon imigran nwa

Anverite, se pa ni de, ni twa moun ki etone de nivo rijidite depite a. Atravè pwopozisyon lwa, lejislatè a voye jete byen lwen yon prensip sakre nan dwa ki rele prezonpsyon inosans “presomption d’innoncence”. Sa vle di, ti kal posiblite moun nan genyen pou l defann tèt li. Aloske, pou Berny Jacques, kèlkeswa migran ilegal ki ta fè yon aksidan, li otomatikman antò. Adye!

‘’Fanmi m te rantre Etazini legal. Migran ilegal yo lage pye nou”, yon deklarasyon chok de Berny Jacques, yon imigran nwa Lire l’article »