Yon pwofesè Ayisyen nan Chili pibliye yon liv pou byen pale de Ayiti

Yon pwofesè Ayisyen nan Chili pibliye yon liv pou byen pale de Ayiti

Konpatriyòt Yvener Dorsainvil, reyalize yè vandredi 29 Dawou a , vant siyati dezyèm liv li ki gen pou tit “ approximacíon a la cultura de Haití “. Sa ki vle di an kreyòl, apwoch sou kilti ayisyen an.

Atravè liv sa a, lisansye nan syans edikasyon an , retrase plizyè sitiyasyon malouk ki rive Ayisyen yo Chili akoz pwoblèm kiltirèl. Se sa k fè li di, non sèlman atravè paj Facebook li, men tou nan plizyè jounal , liv sa pral pèmèt kominote chili a sitou pi byen apwoche ayisyen yo kiltirèlman.

Pandan pakou li Chili, Yvenet Dorsainvil te gen chans Ak privilèj patisipe antanke manb nan enstiti nasyonal dwa moun, an memm tan tou, nan konsèy nasyonal migrasyon gouvènman Chili. Anplis de sa yo , konpatriyòt la reyalize yon lisans nan syans edikasyon epi kreye yon radyo ki gen pou non “ Konbit FM. Kidonk, pandan tout tan sa a, pwofesè a te gen an kontak dirèk avèk tout sitiyasyon ki lye ak migrasyon. Se sa k fè li di, tout sa li ekri nan liv la gen pou wè ak Chili.

Laisser un commentaire