
Yon lanfè pou migran nwa yo nan nò Afrik
Tinizi, yon peyi nan nò Afrik , fòse anviwon 8 mil 8 san 53 migran retounen kote yo te sòti a. Se OIM ki te akonpanye migran sa yo pou ane 2025 lan atravè plizyè vòl “charter”.
Nan entèvyou yo bay plizyè medya, deplase yo denose move kondisyon y ap viv tankou anpeche yo travay yo sou baz koulè po yo paske majorite nan yo se Nwa. Anplis de sa a, otorite yo fè konnen Tinizi, youn nan peyi arab nan Afrik la, pa gen plas pou etranje paske y ap vin koze domaj ak demografi peyi a.
