
Trajedi sa a pase madi 9 desanm 2025 lan nan zòn 1nè aprèmidi . Se pandan te gen move tan , chofè a t ap tante travèse dlo a epi dlo a bwote yo , yo mouri.
Se yon Ayisyen , Mackendy Bernard, 32 lane, ki mouri an. Li te gen avèk li , madanm li ki se yon dominikèn ki rele , Michelène Francique, plis yon ti bebe 6 mwa. Zak trajik sa a pase nan yon zòn ki rele Palhoça nan vil Florianópolis nan Sid Brezil.
Otorite minisipal yo revele yo jwenn ti Bebe a deyò machinn nan poutan machinn nan te chavire 4 kawoutchou anlè. Se yon aksidan ki kite yon move gou nan bouch kominote a e ki montre nou tou kijan nou dwe pran prekosyon.
