
Yon Ayisyen soutni tèz doktora li sou sante migran yo
Non l se James Berson Lalane, l ap evolye nan peyi Brezil, nan Eta São Paulo. Li soutni tèz doktora li a nan Inivèsite Medsin nan menm Eta sa a.
Tèz la se « Migrasyon tankou yon pwen sosyal enpòtan nan domèn sante, etid la mennen sou plizyè migran Ayisyen ki nan Brezil. Selon yon mesaj li poste sou paj Facebook li, Doktoran nan medsin nan fè konnen, travay sa a se yon kwaze chemen an mond inivèsite a, lavi reyèl la, plizyè chif epi plizyè vwa ant politik piblik e istwa plizyè moun.
Etidye lòtbòdlo toujou mache ak gwo barikad. Pami ladan yo , rasis. Chèchè Ayisyen an, Lalane , pa t epanye de sa a selon li ekri sou kont Facebook li. Pandan pakou etid mwen an, mwen sibi rasis sou kanmpis lan, e pafwa menm nan espas travay yo ki ta dwe sèvi kote moun byen akeyi moun. Se vre zak rasis yo ka fè n anreta, men jamè yo p ap janm etènn yo moun ki fèt pou l briye ak grandi.
Pandan l ap remèsye tout moun ki te ede l pandan etid la, Doktoran fè konnen , yon syantifik ki pa fè ak rasis Epi ki pa transfòme reyalite li ap viv la, pa fè travay li kòm Pwofesyonèl.
James Berson Lalane se yon vwa rezistans !
