Yon Ayisyèn, Iliana Joseph, eli vis prezidan yon minisipalite an Itali; Se yon eleksyon istorik

Yon migran fanm, nwa epi ayisyen, rive nan yon pòs elektif nan peyi Itali. Se bagay ki te ka pi difisil pou yon moun imajine. Tèlman peyi sa pa danse kole ak migran. Nan yon entèvyou li bay jounal Ayibopost, Iliana Joseph rekonèt peyi a pa bay ouvèti sa pou etranje. Epi, chef gouvènman Itali a, Giorgia Meloni, te kanpe sou plas piblik pou l di peyi l pa gen plas pou migran. Se jis nan komansman mwa janvye 2026 la, gouvenman ekstrèm-dwat la resi dakò louvri pòt pou resevwa 500 mil migran ki pa ewopeyen nan ane ki ap vini yo. Rezon an se pou fasilite l relanse ekonomi peyi li an. Se tout sa yo ki fè eleksyon madan Joseph la se yon gwo avanse nan listwa peyi sa.

Iliana Joseph fèt Pòdpè, nan yon ti vil yo rele Miryàm. Se la li grandi, kòmanse aktivite kominotè epi marye avèk yon italyen. Nan lane 1986, daprè sa li di, li kite Ayiti pou li rantre nan vil Settimo Torinesse, nan peyi Itali. Se nan vil sa l ap viv depi plis pase 30 lane e se la tou li fè pi fò eksperyans li. Dayè, daprè sa li rakonte, se dezyèm vil li konnen pandan tout lavi l.

Pou kòmanse, bagay yo pa t fasil pou vis-prezidant lan. Menmjan ak tout migran, lang te sèvi yon gwo baryè pou entegrasyon l. Epi, mete sou sa, pat gen anpil nwa nan vil sa akoz kondisyon sosyetal yo ki pat favorab pou migran. Anplis, li ajoute tou chòk kiltirèl li yo pandan l rive nan sosyete sa. Li bay egzanp kesyon fèmen pòt gwo lajounen ak fason moun yo manje souvan. Sa yo se premye bagay ki te etone l, ke li pa janm bliye.

Tan ap pase, Iliana ap fe wout li nan rankontre lòt moun sou plas piblik ak nan enstitisyon yo. Se la li ta pral rankontre yon ansanm òganizasyon ki te konn travay ak Ayiti deja. Avèk yo, li pral kontinye aktivite sosyal li te konn fè Ayiti yo, nan vil Miryàm nan Pòdpè. Gras ak eksperyans epi akoz konesans li santi moun yo manke sou Ayiti, pitit Pòdpè a rive mete sou pye yon asosyasyon ki pou relye 2 kilti yo ak 2 pèp yo ki rele “Ayititalya”. An reyalite, se yon asosyasyon ki te egziste deja an Ayiti depi le madam Joseph te piti.

Mete sou pye nan lane 2009 nan peyi Itali, Ayititalya te sèvi yon pwen referans pou Itali te pote èd an Ayiti aprè tranblemanntè 12 janvye a. Gras ak estrikti sa, Ayisyèn nan reyisi rasanble anpil lòt migran ayisyen nan lide pou vann yon pi bèl imaj de Ayiti. Bèl inisyativ bèl ekip Ayititalya tou sèvi yon letmotiv pou ede ayisyèn sa ki se dezyèm migran fanm nwa ki rive nan pòs sa. Premye a se te yon moun ki sòti nan kontinan afriken an.

Malgre eskplwa sa, vis-prezidant lan pa gen ni gwo tèt ni bat lestomak li. Okontrè, li di li ap sèvi ak pozisyon l antanke chèf pou l kontinye defann migran yo. Paske, li konsyan sitiyasyon migran yo konplike an Itali. Eleksyon l lan se yon kòmansman, yon ouvèti. Se konsa l kalifye l. Youn nan pi gwo sousi li di li bay tèt li, se travay pou lwa sou imigrasyon yo vinn tounen yon sèl pou tout moun. Paske kounya, lwa yo varye tou depann de ki peyi ou sòti. Li fè konnen tou, akoz gwo pwoblèm entèn peyi a genyen, yo pran pòz y ap goumen kont imigrasyon yon fason pou yo kache lafas. Sousi l, se non sèlman fè pwopozisyon pou yo modifye lwa yo men tou pou panche sou pwoblèm reyèl yo. 

Laisser un commentaire