
Malgre gwo bourad ayisyen ki nan dyaspora bay Ayiti, yo gen yon feblès ki peze lou nan mòd
òganizasyon yo. Tèt ansanm ak kole zepòl. Diferan kominote ayisyen yo ki atravè plizye peyi nan
mond lan, pa ini. Non sèlman yo pa gen koud a koud sa a distans, men tou, yo pa montre l
menm si y ap viv nan menm peyi. Kidonk, feblès sa merite abòde avèk anpil estrateji konsa n a
jwenn yon solisyon. Se nan lide sa menm yon jèn gason konsekan kreye yon aplikasyon ki rele
Dyaspora.ht. Prensipal ojektif li, se tounen yon espas pou tout ayisyen konekte.
Jan non an di l lan, aplikasyon an rele Dyaspora.ht. Li senbolize yon lakou pou tout Ayisyen. Sa
vle di, se yon kote nou youn ka vin rankontre lòt, rakonte sa nou regle, pataje souvni yo ak
eksperyans pèsonèl. Platfom nan se yon espas byen laj, kote nou pap pè layite. Men, atansyon,
menm jan ak lakou grann Yaya, espas la gen règ li. Respè, se t ap toujou premye mo majik la. Rès
yo, w a konnen yo le w louvri pòt aplikasyon an.
Se yon jèn gason byen pòtan, ti gengen nan konn reflechi. Depi 2014, li di li te gen yon lide k ap
fè laviwonndede nan tèt li. Men Bondye selman ki konprann kisa bagay la te ye. Nan reflechi
maten kou lannwit, se te jis an 2024, li t ap pral akouche bout chelèn sa a : yon aplikasyon pou
rasanble mezi se Ayisyen ki deyò peyi a. O ! Gad kijan yon pwojè gran, gen lavni epi wòdpòt !
Karyll Hyancinte pa yon loray kale. Li fèt an Ayiti, li gen yon lisans nan jesyon nan Lekòl Siperyè
Nasyonal nan Teknoloji. Epi, li gen yon mastè tou nan finans nan Inivèsite JojTawon
(Georgetown) nan Wachinnton. Pou kounya, responsab platfom nan ap viv nan peyi Etazini.
Aplikasyon an, si n ta ka kwè mesye Karyll, pa vle konsantre sèlman sou gwo peyi yo tankou
Kanada ak Etazini, men pito sou tout peyi kote ki gen ayisyen. Dayè, lang ki plis pale sou
aplikasyon an se kreyòl. Lide a se fè espas la tounen yon kote tout moun egal, san fòs kote, ni
frape lestomak. Kidonk, depi w se ayisyen, ou ka vin pran plas pa w.
Chak kominote ayisyen yo fò nan yo menm, sa se yon lòt verite. Yo chak sipotè Ayiti nan fason
yo kapab. E si nou tout ta rankontre ansanm pou yon sèl objektif ?
Pa ezite, ale kounya, telechaje aplikasyon an, epi vin defoule w !
Nou se Dyaspora, vwa nou konte !
