Mesaj pou Jounen mondyal migran yo

Mesaj pou Jounen mondyal migran yo

Sitiyasyon migran yo nan mond lan, dènye tan sa yo, trè konplike. Non sèlman nan fason y ap kite peyi yo pou yo ale chèche refij nan lòt zòn, men sitou nan mòd akonpanyemam yo jwenn lè yo rive nan peyi ki resevwa yo a, sa nou rele « pays d’accueil yo« .

An palan de kite peyi yo nenpòt jan, gen kèk egzanp ki atire atansyon nou. Dabò, kantite migran ki viktim sou fwontyè Meksik nan tante rantre Etazini. Gen ladan yo ki disparèt, gen lòt ankò ki viktim swa vyòl oubyen kidnapin.
Answit, gen yon kantite migran nou pa menm ka kontwole ki ap kite kontinen Afriken an pou rantre an Ewop. Migran sa yo konn pran bato, genyen ki neye nan lanmè “Méditerranée “, genyen ki mache pandan plizyè jou, travèse plizyè peyi, gen ladan yo tou ki konn menm mouri nan dezè “Sahara”.
Gen yon bann lòt ankò, malgre yo konn rive Lafrans oubyen Itali, yo konn konn pran yon lòt bato pou rantre Wayòm Ini. Tout sa yo rive, paske y ap chèchè yon lavi miyò.

Pou tretman migran yo jwenn nan peyi dakèy yo, eleksyon Donald Trump la merite yon etid apa. Nan yon premye tan, parapò ak desizyon li pran kont migran yo (iregilye yo), answit parapò ak tretman li ba yo.
Pami desizyon sa a yo nou ka site, akò li siyen ak kek peyi an Afrik (Ouganda ak Wanda) pou pataje kèk migran epi mete yon ansanm lòt nan yon prizon ki nan Eta Florid kote ki gen gwo kayiman(alligator). Mòd desizyon sa a yo, non sèlman yo vyole dwa fondamantal migran yo, yo atenn pèsonalite yo dirèkteman antanke Moun.
Yon migran se moun menm jan ak tout moun, pa gen anyen ki ka chanje sa a.

Dezyèm ekzanp nan ka sa a ki dechire kè nou, se Repiblik dominikèn. Malgre prezidan Luis Abinader deklare ke peyi l la pa yon peyi rasis, men reyalite a pa montre sa a. Depòtasyon nan do prensip ak akò ki te siyen pou sa a, difikilte pou migran Ayisyen yo jwenn papye kòmsadwa, tout sa yo ap bobo ak vyolasyon dwa moun sou baz ras yo ak koulè yo nan peyi sila. Sitiyasyon sa yo montre kijan migran yo pa anpè nan rejyon an.

Nan kontinan anfas la tou, an Ewop, Lafrans ak Langletè lage yo menm tou nan yon akò pataj migran ki gen pou non « Un pour Un« . Malgre plizyè ONG leve vwa yo pou denonse yon pratik konsa, sa pa anpeche de peyi yo lage de gidon nan pwojè yo a. Nan kad akò sa a, Lafrans rive menm mete sou pye yon plan pou pèmèt migran yo tounen Pandan l ap peye yo, san konsiderasyon pou respe dwa ak pwoteksyon migran yo, an patikilye refijye yo.

Yon migran, tankou jan Kamala Harris te di l nan kanpay li, pa yon kriminèl. Se yon moun ki al chèche lavi pou kapab reyalize rèv li oswa amelyore kondisyon lavi fanmil, men tou pafwa pou sove anba pesekisyon politik, relijye, elatriye. Nou sonje rapò “Insee” te sòti nan mitan ane a kote l te revele pami tout gwoup migran ki ap viv Lafrans yo, se migran ki soti nan peyi afriken yo ki plis diplome ?

Yon migran, an menm tan tou, se yon ajan devlopman enpòtan. Yo patisipe nan chanje eskanp figi ekonomi peyi kote yo rezide yo. OIM (ki se ajans nasyonzini pou migransyon), nan yon ankèt li te mennen nan peyi Ekwatè te wè migran venezyelyen yo patisipe 900 milyon dola chak ane nan ekonomi peyi sa a. Sa ki vle di, yon migran se motè devlopman.

Anmenmtan tou, nou pa ka fini san nou pa salye kèk jefò k ap fèt pou amelyore kondisyon migrasyon yo nan kèk peyi. Nou ka site plizyè pwosè ki fèt nan jou pase yo Lafrans pou jije epi kondane plizyè pasè “passeur” (moun k ap travese fwontye ak moun ilegalman).
Genyen tou, “Institut National Migration’’ nan peyi Bolivie ki sot patisipe nan elaborasyon yon pwotokòl sou migrasyon pou anpeche trafik ògàn ak migrasyon iregilye sou fwontyè yo a. Epi, pou n fini, nou pa p bliye Meksik ki souvan kowòdone aksyon yo pou akeyi migran yo sitou ba yo kit ijyenik. Aksyon sa yo, menm si yo piti, yo trè siyifikatif nan travay ak batay k ap mennen pou amelyore kondisyon migran yo.

Jounen entènasyonal migran yo se yon okazyon pou n panse ak tout moun ki, pou yon rezon oswa yon lot, kite lakay yo epi al afwonte yon lot reyalite ki nouvo. Viv nan yon lòt reyalite pa fasil menm si pafwa li konn bay okazyon pouw grandi.

Migre pa dwe yon fado. Tout migran dwe viv nan respe dwa yo ak nan yon espas kote yo ka epanouyi ak pwogrese.

Nou se jeunemigrant.

Laisser un commentaire

2 réflexions sur “Mesaj pou Jounen mondyal migran yo”