
Nan kad pakou etid li nan syans jiridik nan peyi Chili, Shelenchie Naïka Jeanty itilize youn nan mwayen ki pi efikas yo pou denonse fòs kote ki genyen nan koze jistis pou migran yo. Anfèt, se atravè memwa fen etid li a li poze pwoblèm sila. Les obstacles à la justice pour les migrants, se tit la memwa sa a.
Kiyes ki Shelenchie ?
Avan tout bagay , jèn Ayisyèn nan se yon pasyone de syans jiridik. Non l konplè se Shelenchie Rose Naïka Jeanty. Li fèt nan pla men potoprens nan Lane 2001. Etidye Dwa pou li, se yon rèv ki t ap bouyi anndan l depi l tou piti selon sa a li fè konnen. Li te ka gen 12 zan konsa lè l te kòmanse konprann sitiyasyon miwo miba ki te gen nan sosyete ayisyèn nan pa jwe an favè nou. Fason nou mete kategori sosyal yo youn kont lòt ta pral premye endis ki ta pral reveye flanm sa a andan l. Fasilite pou l agimante ak sousi pou l toujou defann tèt li depi l te tou piti , sa yo ta pral , yo menm tou, ogmante lanmou l pou syans jiridik. Jiris la fè konnen , se depi lontan lontan , li refize kwè epi admèt blan se te blan vre oubyen nwa se nwa tout bon vre. Pou li menm , toujou gen yon mwayen pou ajoute yon nyans anplis nan yon deba.
Sakrifis yo peye
Aprè l te fin kite Ayiti pou l te ateri Chili an 2016, konviksyon konpatriyòt la te vinn ranfòse plis. Sitou parapò ak kondisyon li t ap viv. Jèn avokat la fè konnen, pou li , dwa te parèt tankou yon evidans.
Pandan pakou sa a, jèn Ayisyen 23 lane a rapòte li fè anpil eksperyans ki ede l ni sou plan pèsonèl, ni sou plan pwofesyonèl. Youn ladan yo, se estaj li te fè nan CIDH( cour interaméricaine des Droits de l’Homme ). Gras ak eksperyans sa a, selon sa l fè konnen, non selman li konprann pi byen rapò peyi yo devlope ak dwa entènasyonal men tou , gen aksè ak yon ansanm dokiman konfidansyèl lakou a.
Evite wout ki twò fasil yo, youn nan konsèy Naïka pou jèn migran yo
Parapò ak difikilte nou rakontre chak Jou nan lavi nou, li parèt souvan dekourajan pou jèn yo fè yon etid long dire. Se omwen konsta jèn avokat la fè. Sa ki vinn fè , anpil jèn souvan kouri dèyè sa ki pi fasil la. Menmsi li pran prekosyon pou l pa kritike yo tou, Shelenchie priye tout jèn yo an gras pou evite wout ki fasil. Chemen siksè pa janm fasil, se sa l raple yo.
Li di li sonje, nan moman anpil jèn nan laj li e sitou zanmi l ap bati lavi yo swa marye ou travay ak fè biznis, li menm li te souvan nan bibliyotèk. Sa ki montre kijan sa pa t toujou fasil pou l kenbe liy dwat la. Men, jodi a li pase egzamen Bawo a. Sa ki se yon fyète pou li, pou fanmi l ak pou peyi a. “ Nan chemen long sa yo, w ap souvan santi w sèl Epi anvi dekouraje, men si w vle vini yon fyète pou fanmi w ak pou peyi w , evite swiv kouran lavi” se konsa li fini entèvasyon l.
