
Otorite fwontalyè yo refoule 19 Ayisyen ki t ap tante rantre Kanada
Nan lannwit 24 pou rive 25 desanm lan, gwoup Jandamri Wayal Kebèk( GRC) anonse yo arete anviwon 19 migran Ayisyen nan rejyon Haveloke nan pwovens Kebèk pandan yo t ap kite Etazini pou tante rantre Kanada a pye. Haveloke, se yon zòn ki pataje fwontyè avèk Nouyòk. Aprè jijman, otorite yo refoule migran yo Etazini.
Nan rapo otorite yo pibliye a, yo fe konnen laj migran sa yo te varye ant 1 ak 60 lane. Gwoup sa, daprè sa otorite fè konnen, te divize an 2 gwoup: youn te gen 15 moun, lòt la te gen 4. Pami yo yon timoun 3 lane. Akoz gwo fredi ki te genyen nan zòn nan, gen 8 ladan yo, yo te kouri mennen lopital an ijans.
Lè nou konsidere fen TPS ki fikse pou mwa fevriye ane sa nan peyi Tonton Sam, ki sò ki rezève a migran sa yo ki pa rive jwenn refij nan peyi Kanada ak tout lòt sa ki pa pran risk travèse apye men ki pa konn kote yo gad ?

Felicitações