Yon Ayisyèn nan Brezil, nan vil Joinville, gradye nan enfimyè

kiyes li ye ?

Non l se Marie Ive Saint-Hilaire. Li kite Ayiti li potko gen 18 Lane. Pou l te ka vwayaje , paran l te sèlman mande yon Dam pou monte avyon an avè l jis pou imigrasyon te ka kite l vwayaje. Depi lè li menm ak dam nan desann avyon an nan aweyopò Santiago Chili a, yo separe a jamè selon sa li di. Tankou jan Belo te ka di l, depi jou sa a menm, jèn Ayisyèn nan sou kont van, sou kont dlo. Se lavi k ap mennen l.

Depi 2017 sa a, pou kont li, Ive trase wout li. Nan yon premye tan , li te Chili Epi aprè , li rantre Brezil. Se la, lavi l ak tout kalamite l pral tanmen. Chèche travay , lwe kay , fini etid klasik li, epi rantre nan lekòl siperyè jiskake li rive boukle yon etid sou teknik enfimyè. Pakou sa yo, pa t fasil , te gen anpil bese leve , men li toujou rete fèm Epi pran kouraj, selon sa l fè konnen.

Nan pakou etid li a, li te sèl grenn Ayisyen. Li di , Pafwa sa konn rann li tris. Paske , lè gen devwa an gwoup, se pa t toujou fasil pou l te jwenn yon gwoup pou l te rantre. Se sa k fè , selon sa li di, li te santi l vreman fyè pou l te mete etòf Drapo Ayiti a sou li pandan gwo evènman sa a.

Ou bezwen yon moun ki pou motive w ?

Men youn ….

Parabéns pela conquista garota!!!

Laisser un commentaire