Move nouvèl : Yon Ayisyen mouri krabinen Brezil

Move nouvèl : Yon Ayisyen mouri krabinen Brezil

Yè samdi 23 Dawou fè 8 jou depi yon Ayisyen, Nazaire Louis, mouri sou bekàn pandan li pral travay nan vil ARAQUARI , Brezil. Aksidan pase nan zòn 4trè 30 nan maten.

Se yon machin ki frape l, kase 2 ponyèt li, 2 pye l epi kraze tèt li selon sa rapò konsta lapolis revele. Se jis aprè 2 jou, yon zanmi l , ki pa t janm wè l, te resi fè demach pou te konnen kote l ye, ta pral finalman aprann li mouri sou BR Porto Grande a nan sant vil Araquari, nan Eta Santa Catarina.

Pou kounya , fanmi an enkosolab epi ap kontinye mande jistis pou pitit gason yo ki te gen selmam 31 lane. Otorite polisye yo pa ekate posiblite yon swivi ankèt men yo fè konnen sa ka pran ti tan.

Laisser un commentaire