Migre pa vle di al travay fòse se sa Shelton Mathieu panse

actualité migration haïtienne monde

 
Migre pa vle di al travay fòse se sa Shelton Mathieu panse
 
Fini etid siperyè l nan jeni sivil nan mwa Out 2025 lan nan peyi Brezil , Shelton Mathieu senbolize rezistans ak kouraj. Mesye marye , papa 2 pitit , plis etidyan, kondisyon an pa t fasil pou jèn Ayisyen sa a ki rantre nan peyi federal Brezil depi 2016. Nan kòmansman, bagay yo te konplike anpil selon sa a li di. Al travay lajounen, epi al lekòl lannwit san bliye kòman l dwe patisipe nan soutni fanmi l afektivman.
Shelton Mathieu, konbatan sa fèt nan komin Gantye , nan yon lokalite ki rele Bonèt. Se la li te gen chans grandi epi ale lekòl. Sòti nan premye ane jadendanfan rive nan filo, se nan lekòl Village de l’Espoir li te resevwa yon fòmasyon akademik solid. Sa ki ta pral ede l anpil tou pandan li t ap etidye jeni sivil la.
Pou kounya , konpatriyòt la ap viv nan Goiânia nan Eta Goiás ki sitiye l nan sant- wès Brezil. Se nan menm vil sa, sa vle di , Goiânia , li te fòme nan INSTITUTO FEDERAL DE GOIÁS CAMPUS GOIÂNIA.
Menm jan ak tout migran , premye kout frèt Shelton te resevwa , se te lang lan. Jan nou konnen l nou tout , sa ki ta pral konplike entegrasyon l nan peyi a. Men, avèk jefò l, li rive travèse baryè sa a. Dezyèm difikilte li te jwenn, se te rezistans pandan tout moman etid la. Paske , selon sa a li di, li sonje premye jou li te rantre lekòl la , se te menm jou sa madanm li te akouche premye pitit yo. Kisa sa te fè pou li ? Sa te motive l plis paske li fini pa reyalize, selon sa l fè l komprann, depi w gen motivasyon pa gen anyen ki enposib pou reyalize.
Etidyan Ayisyen an te gen yon prezans ki remakab pandan tout pakou a. Non sèlman paske li te sèl etranje, men tou paske l te enpòtan sitou nan prezantasyon kou yo. Li sonje , lòt elèv yo te konn toujou vle fè ekspoze ansanm avè l poutèt yon ti diplis l ap toujou ajoute nan travay final yo.
Sa ki ta pral ba li chans reyalize estaj li nan youn nan pi gwo antrepriz konstriksyon nan vil sa a. Nan moman sa a, li te monte yon grat syèl 33 etaj. Eskperyans sa a te tankou lwil nan dife l telman li te motive l, daprè sa l rakonte.
Yon mesaj pou jèn migran yo ?
Kelkeswa rèv ou gen ki ap nouri nan lespriw , pa pè afwonte l ak tout fòs epi detèminasyon. Nou gen anpil kapasite, nou jis bezwen volonte ak disiplin epi afwonte lavi. Nou menm jèn ayisyen , nou se fiti jenerasyon k ap vini an, ann make non nou nan listwa !
Anfen, imigre pa vle di al travay fòse pou ede sa ki deyè men tou se KAPASITE’W pouw mete tèt nan menm nivo ak moun tè yo, se etidye pouw travay kotew vle epi gen libète janw vle kom profesyonèl ou antrepenè nan domèn ou, se konsa li fè konklizyon li yo.
Kawòt la preske fin kwit paske Gradyasyon prevwa pou 28 novanm ki ap vini la. Men, avan sa a , etidyan finisan te remèt li sou “Estrateji de rekonstriksyon abitasyon popilè fas a dezas natirèl: Leson de tranbleman tè an AYITI”.

Laisser un commentaire