Mesaj Jeune Migrant pou nouvèl ane a

Mesaj Jeune Migrant pou nouvèl ane a

Nan komansman nouvo lane sa, nou pase di chak migran, sitou migran ayisyen, KOURAJ. Mo sa, menm si li pa gwo, li eksprime tout sa ki nan kè nou. Se yon mo ki senbolize kijan nou te panse avè w lane pase e kijan nou swete pou ane 2026 lan pi byen pou ou.
Ane pase, te gen tonbe leve pou ou. Sitou, move desizyon, difikilte nan travay, estabilite ekonomik ak anpil lot baryè ki te anpeche w entegre sistèm kote ou ye a. Anplis tout boulvès sa yo, nou konnen gen Leta kèk peyi ki te anpeche nou dòmi anpè. Tout sa yo ban nou rezon pou swete w KOURAJ.


Leve yon bon maten deside w ap kite peyi w pou w al afwonte yon lòt reyalite, se pa yon desizyon ki janm fasil. Se vre depi nan tan lontan moun te konn deplase/migre pou divès rezon. Men, literati ki pi resan sou migrasyon montre byen klè, youn nan rezon ki fè plis moun kouri kite peyi yo se pwoblèm politik oubyen povrete. Chak jou ki ap pase, reyalite a ap bay estatik yo plis rezon sitou lè n konsidere kòman abitan yon ansanm peyi tankou Ayiti, Venezyela, Kiba ak kèk peyi an Afrik ap deplase chak jou. Se poutèt sa menm, nou leve vwa nou mande Leta peyi yo pou yo kreye kondisyon pou chak abitan viv lakay yo jan sa a dwe fèt epi mete bonjan estrikti pou akonpanye migran yo.


An reyalite, migre pa yon wont. Paske li fè pati dwa chak moun genyen. Se Deklarasyon Inivèsèl dwa moun nan ki garanti sa nan atik 13 la. Li fè konnen, tout moun gen dwa pou chwazi libe libè ki kote yo dwe viv. Pi lwen nan atik 13.2 a, li presize tout moun gen dwa pou yo kite peyi yo, rantre nan yon lòt peyi epi retounen nan peyi l jan l vle, lè l vle. Se pou rezon sa menm, nou mete vwa nou ak tout òganizasyon dwa moun, tout antite alawonnbadè, pou nou mande Leta peyi dakèy yo pou yo trete migran yo kòmsadwa. Epi, pou trete chak migran ak respè ak diyite yon fason pou yo pa santi entegrite yo fwase antanke moun. Menm jan ak lòt enstans entenasyonal yo, nou kwè e nou vle pou chak migran viv nan bon kondisyon.


Pou sa fèt, òganizasyon entènasyonal yo, enstans rejyonal k ap defann dwa migran yo ak tout lòt gwoup òganize yo dwe, yo menm tou, fè jefò pou aksyon yo makònen ak bezwen reyèl gwoup migran kote y ap viv yo. Pwojè yo, menm si yo fèt ak lanmou, pasyon ak respè, dwe kanpe pi pre migran yo. Pakse, migran yo merite plis atansyon ak sipò. Lè konsa, y ap ka envesti yo plis, entegre sosyete yo ladan l lan epi sipòte fanmi yo kite dèyè yo.
Yon migran pa sèlman yon motè enpòtan nan ekonomi lòt peyi, li se yon poto mitan tou pou ekonomi peyi li sòti ladan l lan. Se sakfè, nou pwofite mande chak migran , EVITE PRAN MOVE DESIZYON pandan ane 2026 lan.
Mèsi !!!!!

Laisser un commentaire

3 réflexions sur “Mesaj Jeune Migrant pou nouvèl ane a”