
Kominote ayisyen an fè pati gwoup migran ki pi pòv Chili
Se sa dènye ankèt Casen la revele. Casen se yon enstans ki kontwole sitiyasyon ekonomik chili sou plan nasyonal. Nan denyè rapò yo a ki gen pou non Casen 2024, yo fè konnen migran ayisyen ak bolivyen yo fè pati gwoup ki pi pòv sou teritwa.
Pou yo te ka reyalize ankèt sa a, teknisyen yo fè konnen yo te gade baryè kiltirèl ak lengwistik. Pou ayisyen yo, yo di yo estime kilti lokal la anpeche yo entegre pwofesyonèlman ak sosyalman.
Anplis, lè yo gade mòd travay ki disponib yo, se plis migran ki vilnerab ki gen aksè avèk yo. Sa ki vinn rann li pi difisil pou migran yo sòti nan povrete, selon sa yo fè konnen. Menm si nou te ka toujou kesyone ansanm sektè ki te sible yo.
Pandan ankèt la, yo di yo te founi je gade tou rapò travay ki gen ant fi ak gason. Pou yo menm, migran fanm yo parèt pi pòv pase gason yo akòz travay enfòmel y ap fè yo.
Nou pa vle doute de rapò a, men eske sa yo selman sifi pou di yon gwoup moun pòv ? Eske lonjevite ak sa li reyalize pandan pakou li pa yon ansanm endis ki detèminan. Kominote ayisyen ki Chili a pa gen plis pase 20 lane. Kidonk, li trè jèn.
