Kisa ki REGWOUPMAN FAMILYAL ?

Kisa ki REGWOUPMAN FAMILYAL ?actualité migration haïtienne monde

Konsèp migratwa sa, Shelenchie Jeanty, jèn jiris ayisyèn ki ap evolye chili a, te itilize kòm sijè detid nan kad memwa fen detid li.Nan yon entevyou telefonik li te ba nou, non sèlman li te fè vire won sijè a avèk nou, men li te sitou gade konpleksite l tou. Li te pèdi anpil nwit, pase anpil tan nan bibliyotèk jis pou te chache yon ansanm repons. Tankou : Yon moun yo refize yon viza pou l vinn jwenn fanmi l, kijan l ka fè pou l jwenn jistis ? Eske yon moun ki gen yon manm nan fanmi l aletranje otomatikman kalifye pou yon viza regwoupman familyal ?

OU KAPAB LI TOU : Toujou gen gwo difikilte pou migran yo jwenn Jistis, selon Shelenchie Jeanty

Kisa regwoupman familyal la ye?
Lè yon manm nan yon fanmi oblije separe kite fwaye a pou l al viv nan yon lòt peyi. Rive yon lè, li ka mande pou fanmi l vin jwenn li, tou depan de estati l. Se sa yo rele regwoupaman familyal la. Etandone, anpil dokiman jiridik rekonèt fanmi kòm baz yon sosyete, demand sa lejitim paske li nòmal pou moun yo reyini.

Kisa ki defini l ?
Regwoupman familyal se yon dwa entènasyonal. Sa vle di, gen plizyè peyi ki genyen l kòm responsablite jiridik nan rapò yo devlope ak lòt peyi. Se sa k fè nenpòt moun ki ap viv deyò peyi l gen dwa pou l mande leta peyi kote l ap viv la posiblite pou akeyi fanmi l bò kote l. Nou dwe presize tou, demann nan pa san pou san garanti. Paske, daprè “hierachie des normes” nan syans jiririk, dwa entènasyonal la pa gen twòp pouvwa sou dwa entèn peyi a. Men, si tout fwa yo ta refize l, entèrese a ka toujou fè yon apèl. (apel nan syans jiridik vle di mande pou yo mennen dosye a devan yon tribinal ki pi konpetan).

Ki enstriman jiridik ki kore regwoupman familyal la?
Gen plizyè enstriman jiridik ki pote sipò pou dwa sa. Pami ladan yo, Pak Entènasyonal Dwa Sivil ak Politik (Atik 23.1). Answit, Konvansyon sou Dwa Timoun (Atik 19). Epi tou, Konvansyon Entenasyonal Travayè Migran yo ak Fanmi yo (Atik 44). Boutofen, Konvasyon Ameriken Dwa Moun (Atik 17).]

Ki pyès w ap bezwen ?
Tou depan de peyi w ladan l lan, men yon ansanm pyès w ap bezwen pou w ka byen fè yon demann viza pou regwoupman familial :
– yon pyès idantite – li kapab paspò w, rezidans ou.
– yon pyès pou w pwouve lyen ou gen ak moun sa, tankou Ak maryaj,
batistè
– foto
– tès AND
– prèv adres
– epi alafen, prèv finansye pou w montre kew gen kapasite pou w soutni moun pandan vwayaj la epi pandan premye tan yo.

Parapò ak tout definisyon teknik sa yo, ak pouvwa dwa entèn yo, li te parèt konplike pou tèz la te apwouve. Paske, avan tout bagay, viza rete yon koutwazi. Men jiris la, Shelenchie te felisite tèt li pou travay sa. Omwen li te soulve yon pwoblèm majè sitou ak tris reyalite migran ayisyen t ap viv Chili. Nan moman an, sa vle di nan lane 2023, te gen gwo enkyetid sou kesyon
regwoupman familyal ak dwa moun nan peyi sa.
PS.: Travay sa reyalize gras ak sipò teknik Shelenchie Naika Jeanty epi UNHCR

https://help.unhcr.org/brazil/fr/solicitacao-da-condicao-de-refugiado/reuniao-familiar-e-extensao-dos-efeitos-da-condicao-de-refugiado

Laisser un commentaire