

Ki wòl dyaspora a nan nouvèl Ayiti a ?
An reyalite, dyaspora gen plizye definisyon, men sa ki pi senp lan, se “ yon ansanm moun ki kite peyi yo ki epapiye plizyè kote nan mond lan, ki devlope yon lyen avèk peyi yo, savledi toujou konekte ak reyalite epi gen yon lide komen pou peyi a”. Si nou abòde sijè a nan sans sa, nou ka fè vi nou ap fè deba. Men, an n rann li pi senp. Èske plizyè branch dyaspora ayisyen an pa merite yon plas nan nouvèl Ayiti a?
Kesyon an vini konsa parapò ak pil diskisyon ki ap fèt sou yon posib nouvèl Ayiti. E, depa konseye prezidansyèl yo 07 fevriye 2026 pase a tèt peyi a, lage nou pi fon nan enkyetid. Non sèlman, li vin pwolonje yon tranzisyon, men tou li vin relanse deba yo. Se sa k fè nou pwofite lanse kesyon an. Ki plas ki rezève pou dyaspora yo nan nouvèl Ayiti a? Ki wòl ak pozisyon yo ?
Nou dwe pwofite presize, se pa vrèman kisa yo panse ak pwopoze, men pito ki plas ki rezève pou yo? Eske yo menm tou, yo pa gen mo pa yo nan sòti kriz la?
OU KA LI TOU :https://jeunemigrant.com/en/ki-deba-sou-pozisyon-diaspora-sou-sitiyasyon-peyi-a/
Pou rapèl, gen ANT TWA AK KAT MILYON SENK SAN MIL(3,5 a 4,5 milyon) ayisyen ki ap viv deyò peyi a, selon denye chif Enstiti estatik an Ayiti. Kantite sa, gen anviwon 90 % ladan l ki ap viv nan kontinan amerik la sèlman.( amerik dino, disid, ak santral). Anviwon 3% an Ewòp, epi rès la gaye nan mond lan. Anndan chif sa yo, nou pa menm presize sila ki fèt lòtbòdlo ki gen swa youn ou 2 manm paran yo ki Ayisyen. Kidonk, dyaspora yo se deja yon gwo pati nan popilasyon nou an. Poudayè, kalifikasyon ak patisipasyon nou nan koupdimond lan se yon bon siy. Omwen, nou deja wè kisa sa ka bay lè pitit ki deyò peyi a yo mete men nan pat la.
Dyaspora yo, menm si yo pa gen yon vi aktif nan peyi a, nan sans fè pati de gwoup sosyal, entegre pati politik, kreye chenn antrepriz, jwe yon gwo wòl nan ekonomi an. Pou ane 2025 lan sèlman, se SEN MILYA DOLA ameriken yo voye Ayiti selon Bank Repiblik Dayiti. Lajan sa reprezante 16% nan PIB nasyonal la. Sa ki vle di, si Leta ayisyen di li gen 100 goud nan kès li, gen 16 goud ki sòti nan pòch dyaspora. Tout chif sa yo montre pi klè toujou ki enpotans dyaspora yo pou nou. Nou pa dwe bliye tou, gen yon bon pati nan kòb dyaspora ki rantre nan peyi a san leta pa retrase yo. Pa egzanp, moun ki ap rantre vin wè fanmi yo, epi ki pote yon ti kòb nan bous yo.
5 milya dola sa a, si n ta ka kwè estatik yo, soti Etazini,Lafrans, Kanada, Repiblik dominiken ak Chili. Reprezantasyon an enteresan nan sans chak peyi sa yo se yon echantiyon. Li montre nou kijan nou ka konte sou pitit peyi a kèlkeswa kote yo ye. Rwanda pa egzanp, te sèvi ak dyaspora l la pou l te rekanpe.
E nou menm, n ap kite resous sa yo itil lòt peyi pito ?
