Ki deba sou pozisyon diaspora sou sitiyasyon peyi a ?

actualité migration haïtienne monde

Ki deba sou pozisyon diaspora sou sitiyasyon peyi a ?

Pou moun k ap fè deba sou dispora, angajman l ak pozisyon anpil nan moun ki nan diapora sou kriz san parèy Leta ak tout sosyete ayisyèn nan ap konnen jodi a. Gen plizyè konsiderasyon ki merite fèt. E li enpòtan, si nou pa vle sipèfisyèl, pou n ale nan fen fon fenomèn diaspora a e pa rete sèlman sou pozisyon yon franj nan diaspora sou kriz aktyèl la.

Mwen sonje mwen te entèvni yon lè an France sou tèm « Enjeux de crise et phénomènes diasporiques » e pou lesansyèl, mwen te eksplike kijan definisyon fenomèn sa yo menm se deja lobjè tout yon deba. Gen 2 gran kouran panse ki ka pèmèt nou defini fenomèn diapora a : youn se yon kouran yo rele kouran klasik la, epi lòt la se kouran yo rele « poststructuraliste » la ki li menm soti nan sa yo rele an anglè « diasporas studies » yo, sa vle di etid ak rechèch sou ansanm reyalite ki antre anndan fenomèn diaspora a.

Avan nou ta antre nan lojik dyalis sa, yon lide senp sou nosyon diaspora a, nou kapab tire l nan etimoloji mo a : dapre sans li nan lang grèk kote lang modèn yo prete l la, διασπορά (diaspora) vle di : « dispersion, dissémination » (sa ki simaye toupatou). 2 kouran nou sot evoke yo pa rete kole sèlman sou sans etimolojik sa.

𝑺𝒘𝒊𝒗𝒂𝒏 𝒍𝒐𝒋𝒊𝒌 𝒌𝒍𝒂𝒔𝒊𝒌 𝒍𝒂 𝒏𝒐𝒖 𝒋𝒘𝒆𝒏𝒏 𝒍𝒂𝒌𝒂𝒚 𝒌𝒆̀𝒌 𝒐𝒕𝒆̀ 𝒕𝒂𝒏𝒌𝒐𝒖 𝑫𝒂𝒏𝒊𝒆𝒍 𝑺𝒉𝒆𝒇𝒇𝒆𝒓 𝒂𝒌 𝑹𝒐𝒃𝒊𝒏 𝑪𝒐𝒉𝒆𝒏…

Reyalite diaspora gen yon modèl, nou ta di yon « archétype » : modèl sa se modèl jideyo-kretyen an. Pèspektiv klasik sa chita sou yon apwòch tradisyonèl li fè de kesyon diaspora a. Pou jewograf epi antwopològ Christine Chivallon, yo itilize tèm diaspora a pou pale de popilasyon ki pati kite lakay yo (homeland), ki gaye nan divès kote sou latè men ki konsève yon lyen dirab antreyo, ki konsève santiman ki makònen yo non sèlman ansanm men tou ak peyi epi kilti orijin yo. Rapò sa se an menm tan yon rapò « mémoriel ».

Sou baz lide sa, kouran klasik la defini 3 kritè ki pèmèt nou di ki lè ou kapab konsidere yon seri de moun fòme yon diaspora (Chivallon, 2017) :

  1. Premye kritè a se « la dispersion » sa vle di moun sa yo gaye toupatou anndan yo menm peyi oubyen plizyè peyi etranje
  2. Dezyèm kritè a se konsyans kominotè a yo kenbe pandan tout tan yo aletranje a.

Konsyans moun ki ap viv nan yon peyi ki pa lakay yo genyen ke yo fòme yon kominote a pa dwe konfonn ak kominotaris. Kominotaris la anprizone endividi yo anndan yon chema idantitè e preske anndan yon idantite kiltirèl « stéréotypée ». Alòske konsyans kominotè a pa anpeche entegrasyon ni yon metisaj kiltirèl ki kapab menm pote yon mak fabrik pafwa « idiosyncrasique ».

Apwòch yon politològ tankou D. Sheffer ale pi lwen e li kwè fenomèn diaspora konsène yon minorite, nan yon peyi akèy, ki an mezi pou li prezève idantite etnik li ak idantite relijyez li. Doub idantite sa mache, selon D. Sheffer, avèk yon enterè ki pa janm sispann, ke kominote sa montre nan echanj li ak peyi orijin li.

  1. Twazyèm kritè a sè ke kominote nou konsidere kòm yon vrè kominote diaspora ap viv nan yon ideyalizasyon peyi sanzèt li yo.

Sou baz ideyalizasyon sa, diaspora pataje ak popilasyon k ap viv sou tè sanzèt yo, yon menm aspirasyon : aspirasyon pou byenèt, pou jistis ak lòt ideyal.

𝑺𝒘𝒊𝒗𝒂𝒏 𝒌𝒐𝒖𝒓𝒂𝒏 « 𝒑𝒐𝒔𝒕𝒔𝒕𝒓𝒖𝒄𝒕𝒖𝒓𝒂𝒍𝒊𝒔𝒕𝒆 » 𝒍𝒂 𝒍𝒊 𝒎𝒆𝒏𝒎, 𝒏𝒐𝒖 𝒋𝒘𝒆𝒏𝒏 𝒍𝒂𝒌𝒂𝒚 𝑺𝒕𝒖𝒂𝒓𝒕 𝑯𝒂𝒍𝒍 𝒂𝒌 𝑷𝒂𝒖𝒍 𝑮𝒊𝒍𝒓𝒐𝒚 𝒑𝒂 𝒆𝒌𝒛𝒂𝒏𝒑…

Nan yon liv li pibliye an 1993 e ki pite tit « The Black Atlantic », sosyològ-istoryen anglè P. Gilroy konstwi yon modèl konpreyansyon fenomèn diaspora a sou istwa depòtasyon nwa yo soti sou kontinan Afriken an vini an Amerik. Gilroy konsidere an menm tan jan plas ak konsiderasyon yo fè de chak moun nan rankont sa, nan nouvo kontèks politik ak kiltirèl « transatlantique » la.

Sa P. Gilroy rele « Atlantik nwa » a, se yon konstwi ki brase divès kilti ansanm lakay yon nasyon ki se fwi yon derasinman.

Gilroy soti nan chema « essentialiste » la lè l ap poze pwoblèm idantite a. Mwen t ap swiv refleksyon Yanick Lahens sou kesyon sa, li ale nan menm sans lan tou, ki fè pou li menm yon idantite kiltirèl, sitou lengwistik, li pa « figée ». Pou Gilroy, « essentialisme culturel » la ka menm kondwi non sèlman nan nasyonalis men, pi grav toujou, nan yon fòm « faschisme ».

  1. Gilroy mache nan refleksyon li an ak lide « hybridité ou d’hybridisation » kilti nwa kòm modèl « diasporicité ». Menm si li rekonèt metisaj sa se fwi oubyen rezilta yon vyolans, yon trauma, trauma oubyen vyolans esklavaj la.

Nou kapab tire menm konklizyon ak S. Hall (1990) epi P. Gilroy (1993) : diaspora a pote kòm mak fabrik yon dispèsyon alafwa jewografik epi kiltirèl, idantitè. Diapora nan li menm li pote nan li kòm reyalite sosyokiltirèl epi (depi kèk tan) politik, yon tansyon, yon enstabilite. Li se alafwa « mobilité », « multi-territorialité », « voyage », « exil », « entre-deux » (cf. Chivallon, 2017).

𝑨𝒏 𝒌𝒐𝒏𝒌𝒍𝒊𝒛𝒚𝒐𝒏

Diaspora pote nan li menm yon paradòks : an menm tan l ap viv yon sèten atachman ak peyi orijin nan men li nan yon arachman epi yon nouvo anrasinman ki fòse l viv yon distans, yon dekoneksyon ak peyi sa tou. Si nouvo mwayen kominikasyon yo plis mete diaspora a nan anbyans peyi orijin nan, men fò n pa bliye nouvo mwayen sa yo sèvi e desèvi an menm tan. Yo kapab prezante tankou yon miwa defòman tankou tout mwayen kominikasyon. Sa ki ka genyen kòm konsekans mete diaspora a an koneksyon ak yon peyi ki plis vityèl ke reyèl.

Pozisyon yon moun ki nan diaspora a ka byeze epi erone san li pa gen movèz fwa. Men paske li pa pran tan oubyen pa gen kapasite pran distans ak yon vizyon epi yon konpreyansyon teknoloji kominikasyon yo kòm mwayen ap pote ba li. Mwen viv sa kòm etidyan aletranje. Souvan ou ka gen enpresyon Ayiti w konnen an se pa de li moun ki nan diaspora a ap pale. Kòm konsèy, mwen ta sèlman envite frè ak sè nou yo ki nan diaspora a mete sou kote tout pretansyon ke yo ta ka konprann reyalite a pi byen ke moun ki ladann yo e ki avize.

Medya se yon bon bagay men se yon kouto famasi. Manipilasyon lopinyon ka trennen preske tout moun nan yon sans poutan se pa direksyon sa ki bon an. Opinyon tout moun konte. Pa diaspora konte tou. E nan yon vrè demokrasi, menm pa minorite a konte tou.

Marc Henry Siméon

Laisser un commentaire