
Gesny Pierre Louis siyen ak yon mak ameriken
Kisa sa di w antanke Jèn migran ?
Kite n ede w reponn …
Sa dwe di w pou w kòmanse Kote w ye a. Pa kite moun k ap di w nan peyi w ye a ou pa ka reyalize rèv ou. Gen anpil moun k ap fè w konnen Brezil , Chili, Meksik pa peyi paske yo pa bay gwo posiblite. Ebyen , jodi a ou dwe konnen , ti peyi ou ladan l jodi a ka mennen w gwo kote si w gen rèv, vizyon ak detèminasyon.
