‘’Fanmi m te rantre Etazini legal. Migran ilegal yo lage pye nou”, yon deklarasyon chok de Berny Jacques, yon imigran nwa

Apre li te fin pwopoze yon lwa piman bouk kont migran yo, onorab Berny rebondi pirèd. Nan yon twit li fe sou X (ansyen twitter) nan fen semènn 19 janvye 2025 lan, depite a deklare : “ fanmi te rantre Etazini legal. Migran ki ilegal yo, lage pye nou”. Yon deklarasyon chòk ki leve plim sou do anpil ayisyen toupatou. Mesaj sa non sèlman ranfose rayisman kont depite orijin ayisyen an, men tou li konfime pozisyon radikal li sou migrasyon iregilye. Tout imigran merite pwoteksyon ak respe dwa fondamantal yo, tankou dwa pou yo travay ak jwenn aksè ak tout sa yo bezwen pou yo viv tankou moun. Non selman depite a se yon imigran, li se yon moun nwa ki benefisye de rezilta batay yon seri militan nwa te fe nan peyi Etazini. Men, youn nan verite depite Florid la sanble bliye, si se pa t konba kèk imigran ak kèk moun nwa yo nan Etazini, li pa t ap ka vin depite nan yon peyi konsa.

Moun po nwa ak sila yo ki gen desandan afriken pa t gen yon lavi wòz kay Tonton Sam. Anvan yon moun tankou Barack Obama kòm nwa oubyen tankou Berny Jacques rive okipe gwo pòs nan Leta ameriken an, se divès mil afro-ameriken ki pèdi lavi yo. Moun sa yo, te kite tout enterè pesonèl yo dèyè pou yo te defann byennèt yo antanke moun. Malerezman, jodi a yo pa gen chans jwi privilèj pou nwa ap mache libelibè sou sol ameriken an. Kòm rekonpans, yon nwa pa pè ni krent leve vwa l pou l boulvèse lavi lòt nwa ak imigran sou sol sa.

Pa gen okenn fason pou pale revolisyon nwa nan istwa Etazini pou pa pale de Martin Luther King ak Rosa Pack. Zak yo sibi ak lit yo mennen pa gen pèsonn ki ka ni dekri yo ni bliye yo. Yo te mete ras yo anlè tout bagay. Jounen jodi a, menm si yo pa benefisye de zèv yo, men limanite rekonesan anvè yo.

Nan lane 2020, yon resansman nan Etazini te endike ke 46,936,733 moun ki te idantifye tèt kòm Afwo- Ameriken. Chif sa reprezante apeprè 14.2% nan popilasyon Etazini an. Plis pase 2.1 milyon nan moun sa yo te imigre Ozetazini kòm sitwayen eta afriken modèn yo. Resansman yo revele Afwo- Ameriken yo te fè kontribisyon enpòtan nan kilti Etazini, an patikilye nan literati, sinema, espò ak mizik. Se pa yon aza, se rezilta yon bann jefo.

An palan de mizik, Ayiti gen chans bay youn nan atis ki trè popilè nan mond lan nan sektè sa, ki se yon nwa imigran. Pa selman nwa kiltirèlman, men tou koulè po. N ap pale de Wyclef Jean, ki sòti Kwadèboukè, an Ayiti. Nan yon entèvyou li te bay animatè konpa, Guy wewe, nan pòdkas kwasans, li te pwofite tounen sou pase l Etazini antanke ayisyen. Avèk anpil lapenn, li te raple nivo rasis ak estigmatizasyon li sibi nan peyi sa. Sitou nan yon epòk yo te konn atribye maladi VIH/Sida ak ayisyen. Li di, li konn ap sot lekòl ak sè l la, yo toude ap goumen pou travèse barikad moun akoz orijin yo ak koulè po yo. Megasta ayisyen an fè konnen, nan anfans li gen timoun ki touye tèt yo paske yo pa t sipòte zak rasis ankò nan lane 1970 yo. Tout istwa sa yo ak anpil lòt ankò atis la dekri yo nan yon liv li rele An immigrant Story(Istwa yon imigran). Antanke moun ki vann plis pase 30 milyon albòm epi ki rive nan pi wo nivo sektè li a, Wyclef Jean pa janm rate okazyon pou l di l se moun epi l se ayisyen. Li toujou montre fyète l pou rasin li, nan pawol li ak konpotman.

Tout sa montre, ki kantite privilèj Berny Jacques ap jwi antanke imigran nwa. Se vre nou pa ka inyore jefò pèsonèl li yo, men pwopozisyon lwa li yo ak konpotman ridikil li yo devwale limit li antanke moun ki imigran, ki nwa. Tankou jan ansyen vis-prezidan Kamala Harris te di l, yon imigran ilegal pa yon kriminèl. Li se yon moun k ap chache refij. Anplis, se yon prensip nan dwa entènasyonal pou yon moun ki nan bezwen jwenn refij bò kote peyi ki akeyi l la. Anverite, se pa ni de, ni twa moun ki etone de nivo rijidite depite a. Atravè pwopozisyon lwa, lejislatè a voye jete byen lwen yon prensip sakre nan dwa ki rele prezonpsyon inosans “presomption d’innoncence”. Sa vle di, ti kal posiblite moun nan genyen pou l defann tèt li. Aloske, pou Berny Jacques, kèlkeswa migran ilegal ki ta fè yon aksidan, li otomatikman antò. Adye!

 

Laisser un commentaire