Etazini: Depite Berny Jacques, ki gen orijin ayisyen, pwopoze yon teks lwa piman bouk kont migran yo

Depite a fèt nan lane 1987 Potoprens, Ayiti. Akoz pwoblem politik, fanmi l te oblije rantre Etazini avè l nan lane 1994. Li grandi nan peyi Tonton Sam, se la tou li etidye syans politik ak istwa. Rive depite nan eta Florid nan lane 2022, palmantè a depoze yon pwoje lwa jou ki te 5 janvye 2025 lan sou migrasyon ilegal. Pwoje lwa sa, sil ratifye jan sa dwe fèt la, pral tankou yon kout kouto nan maleng migran yo. Yon desizyon anplis k ap fouye migran yo nan tou menm si li paret difisil pou nou detaye teks lwa, men n ap pataje kek entediksyon ak sansyon ki prevwa sou li.

Toudabò, gen yon bann sèvis migran, si w ilegal, ou pap gen aksè avèk yo. Tankou, lwe kay, gen aksè ak lisans pwofesyonèl, prete kòb nan bank, ak fè transfè lajan. Gen yon sistèm ki pral mete an plas pou entèdi tout sa yo.

Answit, migran illegal yo pa sèl gwoup ki sible. Sila yo ki pote yo sekou tou riske tonbe anba gwo sansksyon lajistis. Pa egzanp, si yon patwon aksepte yon migran ilegal nan travay li, l ap peye yon amann ki varye ant 100 mil jiska 250 mil dola ameriken. Si yon konpanyi gen plis pase 50 migran ilegal, li ka pedi lisans li an nèt.

Epi, pou kesyon kondwi machin ak fè aksidan, tèks lwa di: migran ki ilegal la otomatikman antò. Posiblite pou yo pa antò ap telman minim, tèks la di fòk prèv yo ta klè epi konvenkan. Migran yo pa merite sa. Gen yon verite nou pa ka bliye: ‘’MIGRAN YO SE MOUN TOU’’. Kidonk, yo merite respe ak lanmou.

Se vre chak peyi, chak otorite gen dwa pou li sekirize teritwa l. Men, desizyon yo pa dwe dezimanize ak estigmatize migran yo. Desizyon sa pap afekte migran ayisyen sèlman, men pito tout gwoup migran ki nan peyi Etazini, sitou nan Eta Florid. Estatik ki disponib yo montre se plis pase 11 milyon migran ki ap viv Etazini, 3 milyon ladan yo te rantre an 2023 (program Pawol- CBP-one). Tout sa yo fe nou rann nou kont, lonbrit Etazini mare ak migran. Anplis, nou pa ka inyore patisipasyon diferan gwoup migran sa yo nan bwase lajan nan ekonomi peyi sa. Yon pwojè lwa konsa, sil vote, ka fè anpil dega.

Eske n dwe raple Berny Jacques, depite repibliken an, li menm tou li se yon imigran ?

Laisser un commentaire