Dyaspora yo jwe yon gwo wòl nan ede KONPA layite kò l nan mond la

Dyaspora yo jwe yon gwo wòl nan ede KONPA layite kò l nan mond la

Malgre 70 lane konpa dirèk la ap fete nan mwa jiyè sa a, sa pa anpeche gen anpil vid ki rete san konble. Pami ladan yo , yon kad legal , yon ansanm travay literè ak akademik. Konpa, malgre jan l idantifye nou kòm pèp, rete yon jan mizikal ki transmèt selman nan bouch. Pou rezoud pwoblèm sa a, jounalis epi doktoran Nazaire Joinville pa janm montre li bouke nan fè pelerinaj pou Konpa.

Nazaire Joinville, san nou pa idantifye kote l fèt ak nan ki vil li grandi, se , avan tout bagay , yon Ayisyen. Pou kounya , li ap viv Kanada. Se la li ap fè yon doktora nan syans. Li se tou, lisansye nan kominikasyon sosyal nan Inivèsite Leta, nan Fakilte syans zimèn. Depi an Ayiti , sitou nan travay li antanke jounalis , Nazaire te toujou enterèse ak Konpa. Pa selman antanke moun ki renmen mizik la, men sitou , antanke moun ki t ap fouye zo nan kalalou.

Nan plizyè travay li reyalize , pandan li ap rankontre plizyè gwo potantan nan sektè mizik la, sitou nan kad memwa fen etid li, lisansye nan kominikasyon an fini pa konprann,Dyaspora jwe yon gwo wòl nan ede konpa layite kò l nan mond la.

Nan youn nan travay li yo, li remake mizik sa a, se youn nan eleman ki idantifye Ayisyen ki nan dyaspora yo pi byen. Pi lwen, li di, konpa pèmèt konpatriyòt yo kenbe yon lyen byen sere ak orijin yo epi admèt tout bon vre kiyes yo ye.

Nan fen etid la, toujou nan kad memwa li a, etidyan -chèchè a di , travay li ap fè sou konpa pèmèt li wè kijan Ayisyen ki deyò peyi a konpran jan mizikal sa a. Pou yo, konpa se pi bon ak bèl bagay Ayiti genyen li ka ofri ak mond lan sou plan kiltirèl.

Paske , kontrèman ak rasin epi rap, konpa pa gen moun ki refize swa pou kwayans yo oubyen pou aspè moral. Wololoy. Konpa se mak tout AYISYEN alawonnbadè. Viv Konpa !

Mèsi Nazaire !

Laisser un commentaire