
DUDH : Leta yo gen egzijans pou trete Chak migran ak respè epi diyite
Jodi a, malerezman, gen konba ki oblije kontinye mennen pou Dwa moun respekte nan mond. 77 lane aprè, gen anpil nesesite toujou pou nou leve vwa pou Dwa nou chak respekte.
Kelkeswa se o nivo nasyonal oubyen entènasyon, gen anpil jefò ki dwe kontinye fèt pou garanti nou yon lavi san kè kase ak san briganday. Nan okazyon selebrasyon Deklasyon Inivèsel Dwa moun nan, isit la nan JeuneMigrant nou santi nou trè enkyete pou jan migran yo gen difikilte pou yo viv tout bon antanke moun. Migran yo, menm jan ak pitit tè yo, dwe trete ak respè, dwe gen moun ki disponib pou tande yo. Yo menm tou, yo dwe denonse zak enjistis ak move tretman.
Nan plizyè atik ki te pibliye nan Dokiman Nasyon Zini sa a, tankou atik 1, atik 13.2 , atik 14. 1, atik 15, atik 23, pou n site sa yo sèlman, yo fè Leta peyi yo gen egzijans pou yo trete chak abitan mond lan avèk respè e diyite. An menm tou, kreye kondisyon pou yo viv byen lakay yo kelkeswa lakay oubyen deyò peyi orijin yo. Poutan , jounen jodi a , reyalite a diferan.
Plizyè peyi, olye yo ouvè pòt yo pou migran yo, ap fèmen yo pito. Olye yo kreye kondisyon pou Dwa moun respekte, y ap vyole yo pito. Okenn moun sou latè beni pa dwe ap sibi vyolans ak diskriminasyon sou baz koulè po l, ras li, oubyen sou lang li pale Oubyen ankò nan ki peyi li sòti. Pa egzanp, aktyèl gouvènman Itali a, menm si yo di yo prè pou reseswa plis pase yon milyon imigran rive 2026, mete sou pye yo sistèm rasis enstitisyonèl paske yo deja prevwa pou pa bay migran yo papye legal. Savledi, menm si yo pral travay , l ap difisil pou yo chanje estati yo.
Nan Repiblik dominikèn li memm , dènye evènman ki rive jèn Ayisyèn 11 lane a, Sephora , montre vrè figi Leta peyi sa a, lè Prezidan Abinader li menm inyore zak la epi deklare peyi l pa yon peyi rasis. Alòske, nou raple nou ki mòd reyaksyon li konn toujou genyen anvè Ayisyen yo. Sitou, depòtasyon pa pil pa pakèt yo san respekte nòm ak prensip yo.
Prezidan Donald Trump bò kote l, se estrès selman li jenere kay Chak migran. Aprè plizyè pawòl piman Bouk li te toujou anvè gwoup sosyal sa a, li te menm deklare : “ Youn nan kondisyon pou yon migran ilegal rete sou teritwa meriken an, se si e sèlman si li anvi travay nam agrikilti oubyen otelri (hôtellerie). Poukisa yo kategori travay espesifik pou yon gwoup moun ?
Zak sa yo , menm jan ak yon bann lòt, se vyolyasyon dwa moun yo, yo revoltan. Se sa k fè nou dwe yon fè yon sèl pou n denonse yo.
Vwa nou chak konte !
Dwa chak moun dwe respekte kelkeswa sou latè beni.
Nou se JeuneMigrant..
