Depi 2012 y ap denonse magouy ant OIM ak anbasad Brezil an Ayiti a sou kesyon viza imanitè

Depi 2012 y ap denonse magouy ant OIM ak anbasad Brezil an Ayiti a sou kesyon viza imanitè

Kesyon ti jwet anba tab ak bay lajan anba anba pou jwenn viza imanitè pou Brezil, se yon ansanm pratik k ap denonse depi lontan kont OIM ak anbasad Brezil la an Ayiti. Malgre divès denonsyasyon ak revokasyon, vye abitid sa yo pa sispann. Sòti 2016 rive 2020, plizyè medya brezilyen, pami yo UOL ak O GLOBO 1, te retrase plizyè plent sou zak kòripsyon nan mitan de enstans sa yo. Jodi a, apre rezolisyon gouvènman Brezil la pran, nan komansman janvye 2026 la, pou retire randevou viza yo nan men OIM, nou gen chans tounen sou revelasyon sa yo.

Tout bagay te komanse nan lane 2012, le yon pwofesè ki etidye filozofi ak syans moun ki ap etidye relasyon Ayiti ak Brezil Omar Ribeiro Thomaz, di li sètifye gen moun nan anbasad la k ap faktire randevou pou viza imanitè yo.

Twa lane apre, sa vledi an 2015, nan yon edisyon nouvel jounal O Globo (g1) te sòti, sitou parapò ak yon pil denonsyasyon yon ansanm fanmi sou zak kòripsyon yo, responsab yo nan Itamaraty (Ministè Zafè etranjè Brezil) fè konnen se yon rezo byen monte ki bezwen sal imaj yo.

Nan lane 2016, plent yo te rebondi. Te gen yon sitwayen Ayisyen ki te deside pote plent nan polis federal (antite ki responsab antre-sòti migran sou teritwa brezilyen an) sou abi l ap sibi. Li rapòte bay otorite yo, selon sa UOL rakonte, gen raketè ki egzije yo ant 300 a 1200 dola ameriken pou yo ka jwenn yon viza ki, an reyalite, te koute 60 dola ameriken alepòk. Denonsyasyon sa te sèvi yon bon pretèks pou polisye yo te tanmen yon ankèt. Aprè ak rezilta, plizye gwo kad nan anbasad la ak nan OIM te jwenn revokasyon yo.

Kek lane aprè, nan kad ankèt yo, yon jounalis nan UOL fè tèt li pase pou yon enterese e kontakte youn nan raketè yo. Jounal la revele efektivman yo mande l 300 dola ameriken. Poutan, yo pa menm bay dat kilè viza ap disponib. Nan yon atik men longè jounal la te pibliye nan lane 2019, li te devwale yon ansanm ka kote youn te pi grav pase lòt. Nan menm tèks sa, li montre kijan raketè yo t ap kase ponyèt popilasyon an. 300 dola alepòk te egal 1200 reyas epi 23 mil goud. Jounal la te raple, pou yon ayisyen gen lajan fòk li te fè anviwon 12 mwa ap travay san kanpe. Menm si yo te bliye ke, se pa ayisyen ki anndan peyi ki te fòseman peye kob sa.

Ane apre ane, OIM toujou ap jere viza imanitè pou Brezil, magouy kontinye ap fèt, pi gwo mache ap louvri pou kontrebann epi anyen potko ka di definitivman. Pandan tan sa, te konn toujou gen anpil repwòch bò kote ayisyen sou rezo sosyal yo. Men tou, konn gen kèk òganizasyon sosyete sivil tou ki abitye adrese pwoblèm lajan anba anba nan rakèt sa. Demach yo ki pote fwi? Li twò bonè pou nou reponn.
Men, sa ki sèten, se jis nan fen ane 2025, gouvènman Brezil deside retire tout pwosesis yo nan men OIM. Menm si li poko di ki lòt enstans ki pral kontinye jere sèvis sa

Laisser un commentaire

3 réflexions sur “Depi 2012 y ap denonse magouy ant OIM ak anbasad Brezil an Ayiti a sou kesyon viza imanitè”

  1. Finalman, ufa sa se yon desizyon ki te dwe pran depi plizyè ane deja,akoz tròp kòripsyon ki tap fèt sou mizè ti pèp la ankò,pandan ke se yon pwosesis ke gouvènman Brésil bay pou ke ti pèp lan rale yon souf.
    Pou ki rezon kel potko fèt?
    Pou kisa se kounya ke desizyon sa pran?
    Éske si yo pral gen pou kontinye ak pwosesis sa pi douvan,eske moun ki pral ranplase yo ap pi kredib,pou pa gen magouy?

    Mwen ta renmen jwenn repons sa yo tanpri.

    1. Mesi paske w komante. sa fe nou anpil plezi.Men domaj, nou pa an mezi pou n reponn ou kesyon sa yo. sa ki enpotan, seke yo fe l, malgre nou ka remake OIM kontinye ap fe pye sol sou powchen randevou yo. Kisa w te ka pwopoze ou menm ?