“Antanke migran, ou dwe toujou bat pou se moun ki gen bezwen w “ deklarasyon Jean Marc Louis

Jèn migran sa a ap evolye Chili depi 2017. Se la li fè etid siperyè l nan Jeni endistriyèl. Depi kòmansman mwa novanm 2025, li soutni tèz lisans li epi resevwa diplòm li antanke Injenyè endistriyèl. Kounya , nan enstitisyon kote l ap travay li , se li ki fè analiz sou rantre ak sòti pwodwi; analiz lojistik.

Paralèlman, Jean Marc Louis se yon sitwayen ayisyen angaje nan kominote kote l ye a Chili. Dayè, li se kowodonatè Yon estrikti ki rele Comunidad Haitiana en Chile . Atravè inisyativ sa a, pitit kwadèboukè a fè fòmasyon epi pote èd bay kominote Ayisyèn nan Chili.

Pandan tout eksperyans li deyò peyi l, Jean Marc Louis di li aprann yon sèl gwo leson. E, se li menm li ap itilize pou konsèy pou tout jèn ki fenk migre. “ Lè nou rantre nan Yon enstitisyon, bat pou se moun ki bezwen nou.” Pinga nou rann tèt nou viktim, toujou fè efò pou se rezilta travay nou ki pale pou nou”.

Laisser un commentaire